NEWS

Madan Sara: Plis Pase Yon Fim

Creole MS Project Intro.jpg

Click here to read the piece in English

Yon gwo mèsi pou tout moun ki ede n ranmase lajan pou fini film Madan Sara, yon rèv pèsonèl ki vin yon reyalite kolektif. Yon gwo mèsi pou tout moun ki kontribiye nan kanpay GoFundMe sila a, ni moun ki bay lajan, ni moun ki patisipe nan pataje kanpay lan sou rezo yo, yon gwo mèsi. 

Mwen ap pwofite okazyon sa pou pale w yon ti kras sou kisa pwojè Madan Sara a ye, yon pwojè ki se yon pwojè manch long. 

Madan Sara se pa sèlman yon fim, se yon pwojè. Yon pwojè kote nou pral itilize fim lan kòm yon zouti pou mete Madan Sara nan mitan sant deba devlopman ekonomik yo. Li enpòtan jodi a pou n panse devlopman ekonomik Ayiti yon fason diferan, kote nou priyorize aktivite ki bay rezilta yo. Madan Sara bezwen bourad e pratik biznis lan dwe modènize pandan nou pa chanje kilti ki rann biznis lan fè gwo siksè. Madan Sara pral yon okazyon pou lanse inivèsite popilè ak òganizasyon lokal nan kominote yo pou debat sou sijè enterè jeneral. Chak pwojeksyon fim Madan Sara ap gen gwo deba sou plizyè sijè, nou pral mete aksan sou patisipasyon fanm nan lavi politik ak ekonomik peyi a. Nou pral elaji diskisyon sou egalite sosyal ak vyolans sou fanm ak tifi ki se yon gwo pwoblèm sosyete a pa bay twòp enpòtans. 

Pwojè Madan Sara a tou, se diskite pozisyon entènasyonal Ayiti genyen jounen jodi a, 30-40 lane pase chèn komèsyal lan te kon: Peyizan-Madan Sara-depo epi mache. Jounen jodi a nou enpòte plis pase nou pwodwi, chèn komèsyal lan vin chanje. Jodi a se Enpòtatè- gwo depo- ti depo- Madan Sara- mache. Nouvo dinamik biznis sa a afekte ekonomi lokal lan anpil e li afekte dirèk Madan Sara yo ki te prensipal aktè nan distribisyon machandiz atravè tout peyi a.

Objektif prensipal pwojè Madan Sara se pou fim lan pwojte gratis nan chak grenn komin ki andedan peyi a, se yon rèv anbisye men ekip Madan Sara pare pou leve defi sa a. 

 Pou rann Pwojè Madan Sara ateri ekip Madan Sara pral kreye patenarya ak plizyè òganizasyon, Gwoupman fanm, pwofesè, machanm viktim, legliz, vodwizan, dyaspora elatriye. Kolaborasyon sa yo pral pèmèt plis moun wè fim lan e patisipe nan deba yo. Nou deja jwenn 2 gwo kolaborasyon ak Komisyon Fanm Viktim Pou Viktim (KOFAVIV) ki travay ak fanm ak tifi ki viktim zak agresyon seksyèl ak Nègès Mawon ki se yon òganizasyon feminis k ap batay pou dwa fanm Ayiti.  

Pwojè Madan Sara pap sèlman diskisyon ak deba, men aksyon tou. Ekip pwojè Madan Sara a, pral kreye yon pwogram fòmasyon pou òganizasyon baz yon, espesyalman fanm, sou kijan pou yo rakonte pwòp istwa yo. Pwojè sa pral mande resous men se youn nan rèv kreyatè pwojè Madan Sara pou ede òganizasyon lokal yo ranfòse tèt yo. Youn nan pi gwo pwoblèm ki fè anpil fwa òganizasyon yo pa konnen kijan pou chache koneksyon ak mouvman solidarite, chache fon, e kijan pou elaji kad òganizasyonèl yo. Anpil fwa se etranje k ap rakonte istwa yo. Se pa yon move lide pou jwenn sipò moun deyò men anpil fwa jan istwa yo prezante yo plis prezante pou yon odyans diferan ki pa vrèman ede mouvman avanse nan misyon li. Se vre se yon gwo pwojè konpleks e ki mande anpil mwayen finansye ak lojistik men pou Madan Sara pa janm ale nan mache san li pa rantre lakay li ak bon nouvèl, ansanm nou ap bati yon pi bon Ayiti ak yon pi bon mond.

RETE KONEKTE